Kishore Kumar Hits

G Bobby Bon Flo - Se Reyalite M şarkı sözleri

Sanatçı: G Bobby Bon Flo

albüm: Pale Cho


Tou kareman ou enstale ou nan vi'm
Cheri, ou fè m' mache sou men mwen
Fè m' we lanmou sou tout chimen
Fè m' dekouvri sa m' pat konnen
Lè m' kwè tout pòt te fin femen
Ou fè soley la retounen, fè m' rejwenn
Yon kè k' vle chante lavi
Avek bel pwezi
Tou kareman wo wo wo wo wo
Ou enstale ou nan vi mwen
Men toubonman wo wo wo wo wo
Ou pran plas anndan kè mwen
Cheri, kenbe mwen san rete
Di m' kilè kòk la pral chante
Ki kote lalin lan kache
Kondyui mwen nan yon peyi k' sanble w'
Kote san ap sispann koule
Kote k' gen bel amoni
Lavi rekomanse fleri
Tou kareman...
M'pap janm sispann di w mesi
Pou bèl dezi ke ou ban mwen
This love is so crazy
Cheri, chak jou ou fè m' souri,
Ou fe m' sourri
Cheri, ou ban m' bèl plezi,
Fè tout kò m' tout tan ap fremi
Cheri, san manti, lanmou w pa gen pri
Cheri ou fè m' depale
WO! Gade yon lanmou Wo
Ki vin pou mwen ki refize lage m'
WO! Gade yon lanmou WO
Ki vin pou mwen ki deside touye m'
Ou enstale ou nan vi mwen
Ou chita nan ke mwen
Ou met fè sa ou pipito
Ou se pi bèl kado Bondye
Te kan ban mwen
Ou enstale ou nan vi mwen,
Ou chita nan kè mwen
Ou fè mwen anvi rele,
Ou fè mwen anvi kriye
Menmsi mwen pè,
Mwen kwè nan bònè
Chak jou on ban mwen,
Chak jou ou pote
Bèl fanm O, nan vi mwen

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar