Kishore Kumar Hits

Enposib - Domino şarkı sözleri

Sanatçı: Enposib

albüm: Chay


Ann jwe yon ti domino
Kite m montre w jan pou w kole zo
Ou ka jwe anba ou ka jwe anwo
Depi w di m ki sa w pi pito
M lage grenn sèt pè las nan kò l
Souvan li blaze m, men m rete sou bò l
Li gen lè gen de twa bon zo nan men l
Li jwe pou mwen renmen l
Mwen m ap jwe pou nou f'on brase
Mwen pa nan bagay jwèt asosye
Cheri, ann jwe pou nou dekale
Fason pa m nan
Fason pa m
Aa, cheri, gade
Ann, ann jwe yon ti domino
Kite m montre w jan pou w kole zo
Ou ka jwe anba, ou ka jwe anwo
Depi w di m ki sa w pi pito
Ann, ann jwe yon ti domino
Kite m montre w jan pou w kole zo
Ou ka jwe anba, ou ka jwe anwo
Depi w di m ki sa w pi pito
Men bon doub sis (woo-hoo woo-hoo)
(Woo-hoo woo-hoo woo-hoo)
Cheri, w ap make m
E-e-e-e-e e-e-e-e-e an-han
Sa k pi bèl la (sa k pi bèl la)
Kounyèya mwen pa konnen ki sa li gen nan tèt li (sa k pi bel la)
L ap bay bèl, bèl pas
(Woy-woy, sa k ap pase)
Pou ki sa kounyèya ou fò ke mwen (sa kap pase)
Mezanmi! gad 'on tenten (sa k ap pase)
Ann rekòmanse, rebrase
Ann, ann jwe yon ti domino
Kite m montre w jan pou w kole zo
Ou ka jwe anba ou ka jwe anwo
Depi w di m ki sa w pi pito
Ann, ann jwe yon ti domino
Kite m montre w jan pou w kole zo
Ou ka jwe anba ou ka jwe anwo
Depi w di m ki sa w pi pito, o-ou-ooo
M ap jere jwèt pa m (m ap jere jwèt pa m)
Jere jwèt pa w (jere jwèt pa w)
Mwen pap dakò pèdi-ii, pèdi-ii konsa
Si w konn sa ou vle (si w konn sa ou vle)
Pa fè mwen pase-ee (pa fè mwen pase)
Zo lanmou an nan men m
Nan men- en m li ye-eee
Gad 'on zo
Ju-ju-ju judo
(Sa k te gen tan gen la)
Si mwen fè dekabès (dekabès)
Fò w banm de twa karès (dekabès)
Fò w ban mwen tout sa mwen vle
Si m fè dekabès (dekabès)
Si ou fè dekabès (dekabès)
M ap fè w de twa promès (dekabès)
M ap fè ou tout sa ou vle
Si m fè dekabès (dekabès)
(Zo ki nan men w)
Doble uno (ki zo ki nan men w)
Do-doble tres (ki zo ki nan men w)
Ou gen doub sis, mon amour
Woy, sa mouri nan men w
Sa k te gen tan gen la?
Sa k te gen tan gen la?
Si mwen fè dekabès (dekabès)
Fò w ban m de twa karès (dekabès)
Fò w ban mwen tou sa mwen vle
Si m fè dekabès (dekabès)
Si ou fè dekabès (dekabès)
M ap fè w de twa promès (dekabès)
M ap fè ou tout sa ou vle
Si m fè dekabès (dekabès)
(Zo ki nan menw)
Doble uno (zo ki nan men w)
Do-doble tres (zo ki nan menw)
Ou gen doub sis, mon amour
Woy, sa mouri nan men w

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar