Kishore Kumar Hits

BélO - Lèwa - 06 jan. 2010 şarkı sözleri

Sanatçı: BélO

albüm: Haiti debout


M aletranje, m ap gade televizyon
Depi se sa m tande sou ou pa bon, oh
Kòmsi s on fèt eksprè
W a di s on reklam ou bay fè
Santiman k te respè, mwen fè kòlè
Yon semèn aprè, m deside pran yon avyon
Pou m vin konprann pouki y ap di w pa bon, oh
Mwen gad depi anlè
Mwen wè lakay tounen dezè
Mwen met pye m atè, m santi doulè
Mezanmi, wo-oh!
Sa m wè, m pa ka pale (pale, pale)
Mezanmi, wo, oh, oh!
Sa m wè, m pa ka pale
Mwen wè peyi a tankou yon flè ki nan simityè (sa k pase?)
Mwen jwenn Ayiti tank on bèl fanm k ap pase mizè (sa k pase?)
Li kon kokenn lanp kase
Oubyen yon kaswòl ki kreve

Ayiti vin tank on chemizèt blan
Ki blaze, ki pase sou do twòp gason
Yon peyi ki te rich, ki t an penpan
Men, kounya, lè m gade l, se wòch ak pikan
Lè m poze kesyon
(Tout moun inosan) non, non, non, non, non
Kòm ki dire se li k pa bon
Men non, men se pa koupab m ap chache pou mwen ka jije epi kondane
Se pito yon pèp ki divize
Mwen ta pito wè k inifye
(L'union fait la force) se sa ki deviz nou, non, non, non
(N ap goumen pou kò n) gade n nan divizyon
Mezanmi, wo-oh!
Sa m wè, m pa ka pale (pale, pale)
Mezanmi, wo, w, wo, ouh oh!
Sa m wè, m pa ka pale
Mwen jwen peyi a tankou yon flè ki nan simityè (sa k pase?)
Mwen jwenn Ayiti tank on bèl fanm k ap pase mizè (sa k pase?)
Li kon kokenn lanp kase
Oubyen yon kaswòl ki kreve
Mwen jwenn Ayiti... non, non, non (sa k pase?)
Mwen jwenn peyi m nan tank on bèl fanm k ap pase mizè (sa k pase?)
Li kon kokenn lanp kase
Oubyen yon kaswòl ki kreve
Sa k pase?
Sa k pase?
Sa k pase?
Sa k pase?

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar