Kishore Kumar Hits

BélO - Tinonm şarkı sözleri

Sanatçı: BélO

albüm: Natif natal


Tinonm, tinonm, tinononm (wo-oh!)
(Wo-oh!)
Tinonm, tinonm, tinononm (wo-oh!)
(Wo-oh!)!
Tinonm tonbe sou moto (wo-oh!)
Li kouche lopital sou do (wo-oh!)
Tèt matant Andreya Cho, ayayayay
Bondye, Papa
Poukisa se konsa?
Tout lavi tinonnom s'on kochma
M santi m about, oh, Andreya
Pouki malere an devan konsa?
Move lavi, pa gen avni
N ap pedale, bagay la rèd, oh
Bouske lavi, detui lavi
Lamizè fè n moute mòn pa do
Li chache travay, l i pa jwenn, li pa jwenn
L ap fè yon pyès kay, men l pa gen anyen nan men l
Tinonm pa pè chay, li pa pè travay
Matant Makilès vann bèf pou l acht'on moto
Wo! Tinon-nonm, bravo!
Tout vilaj la ki an jwa (wo-oh!)
Wo-wo-oh, Tinon-nonm, bravo!
Wo!
Tinonm tonbe sou moto (wo-oh!)
Wo-oh, Wo-oh!
Se li k rele, se li k repon
Tout lasentjounen, monte, desann
Ti gason an sansib pou manman l
Tout lòt fanmi an sou kont yon nonm
Ti gason an travay pase chwal
Li eritye devwa papa l
Gras a Dye, ou ka wè l pa mi mal
Men sél bagay, fò w wè eta li
Li pa gen tan pou dòmi, li pa gen tan pou l manje
Tout lajounen, lavi lap chèche
Andreya k ap fè kafe
Epi m tande sa l ap kriye
Mwen f'on pwoche mande sa k pase
Li di, wo-oh, wo-oh! Tinon-nonm tonbe sou moto
Li di, Wo-oh, wo-oh! Tinon-nonm tonbe sou moto
An-ye!
An-ye, an-ye!
(Tinonm vle leve, tinonm vle leve, tinonm vle leve)
Lord! Sou kè li
(Tinonm vle leve, tinonm vle leve, tinonm vle leve)
Chak tan n priye, lapriyè pou li
(Tinonm pa mouri, Tinonm pa mouri)
Tout moun nan vilaj la se sou li yo konte
(Tinonm pa mouri, Tinonm pa ka mouri)
Se li k tèt sèkèy Andreya, l pa ka ale
Tinonm p ap mouri konsa
Tinonm pa ka mouri konsa, e-yayayay, souke li
(Tinonm p ap mouri konsa, Tinonm pa ka mouri)
Bouldimas, oh, zoranj si oh
Rale li, rale l
Fè ti te pou li
Wo-yo-yoy!

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar