Kishore Kumar Hits

BélO - Pa lage sa şarkı sözleri

Sanatçı: BélO

albüm: Natif natal


Dèfwa, menm si nan lavi ou, tout wout bare, fò w pa kanpe
Chak moun g on jou pou ròch la vi l woule, fò w kwè nan destine
Pa koute moun ki di w p ap janm anyen paske w se malere
Gen anpil moun ki pa janm kwè nan sa ki rele destine
Solèy Bondye klere pou tout moun, oh, fò w pa lage
Menm si devan w tout wout bare, oh, pèsevere
Pa kite moun trete w de enferyè paske w pa g on dola
Rèspè w ak diyite w pi siperyè pase milyon dola
Pa bliye lafwa w se zam pou goumen ak lavi a
Pa pèdi sanfwa w, menm lè pwòp fanmi w vle chanje sa
Woyoyoyoy!
Woyoyoyoy!
Woyoyoyoy!
Woyoyoyoy!
Dèfwa ou konn leve nan kay la, nan pye w, timoun ap kriye
Pou ou, sa w ap pase, s on tray, pa gen lòt pòt pou w frape
Ou anvi kouri
Men w pa gen destinasyon
Ou anvi vag lavi
Men w gen twòp okipasyon
Dèfwa ou oblije reziye w ak sa lavi a ap pote
Menm si tout moun ap imilye w, pa bliye pran kwa w pote
Fò w pa kriye la
Fò w pa lage sa
Depi w ap viv, fò w gen lespwa, sa ka chanje la
Fò w pa kriye la
Fò w pa lage sa
Depi w ap viv, fò w gen lespwa, sa ka chanje la
Woyoyoyoy!
Woyoyoyoy!
Woyoyoyoy!
Woyoyoyoy!
Pran kouraj, vye frè, solèy gen pou l leve
Pa dekouraje, aprann pèsevere
Pran tout fòs ou
Pa di li twò ta pou ou
Fòk ou pa lage
Ayayayayayay!
Ayayayayayay!
Ayayayayayay!
Fò w pa kriye la
Fò w pa lage sa
Depi w ap viv, fò w gen lespwa, sa ka chanje la
Fò w pa kriye la
Fò w pa lage sa
Depi w ap viv, fò w gen espwa, sa ka chanje la
Ayayayay!
Woyoyoyoy!
Ayayayay!
Woyoyoyoy!

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar