Kishore Kumar Hits

BélO - Klodet şarkı sözleri

Sanatçı: BélO

albüm: Dizan


Yon pi gwo rèv ke mwen genyen
Se pou m fè vi m avè w
Yonn nan vizyon pa m pou denmense
Se pou m vyeyi nan men w
Ou pa yon fanm fasil
Kanta sa, ou toujou di l
E mwen renmen w anpil
Viv lwen w difisil, an-anh!
Yon segond nan nuit kou lajounen
Paske se ou m renmen
Priye Bondye nan non tout Sen
Pou l mete m sou menm chimen
Pou bouke fè m mache
Pou m pa dekouraje
Pou m pa dezespere
Pou m abandone w
Poutan
E poutan
Se ou m renmen
Klodèt, klodèt
Se ou m renmen
Klodèt, klodèt
Boul lò m
Se tankou yon tè sèk k ap tann lapli
M ap tann ou deside ban m ben w
Prèske fou, m san lè pran lari
Chak jou m leve, m ap di m renmen w
Pa kapab ankò
Tanpri! F'on jefò
Si w pa vle responsab yon krim
Lanmou sa twò fò
M vle wè lanmò
Se ou sèl mwen vle nan lavi m
Pou tout tan
Pou tout tan
Paske se ou m renmen
Klodèt, klodèt
Se ou mwen vle
Klodet, Dèdèt
Se ou mwen vle
Klodèt, Dèdèt
Se ou mwen vle
Dèdèt
Se ou mwen vle, Dèdèt
Pa gen sakrifis ke mwen p ap fè pou ou
Mwen ka ipoteke lavi m pou lanmou ou
Bay plas mwen nan Paradi, si se pou ou, si se pou ou
Paske se ou mwen vle
Klodèt, klodèt
Se ou m renmen
Klodèt, klodèt
Se ou m renmen
Klodèt, klodèt
Boul lò m
Se fanm ke mwen renmen (ouh!)
Se moun mwen pi bezwen (ouh!)
Pa vle w lonje lanmen w
Fè kòmsi w pa kè m k ap pèdi fren (ouh!)
W wè m, ou chanje chimen (ouh!)
Lage mwen nan chagren (ouh)
Fè kòmsi w pa t konnen
Ke m ap espere w lannuit kou lajounen, oh

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar