Kishore Kumar Hits

BélO - Bousòl şarkı sözleri

Sanatçı: BélO

albüm: Motivasyon


Nou pa ka ret tann ankò
Nou deside pou n fè jefò
Pou nou bay peyi a
Mwayen pou l kapab avanse
Nou pa t sanble ak nou ankò
Nou tout gen rezon, nou tout antò
Pendan setan, peyi a
Ap tann nou rekonsilye
Gen resous, nou gen fòs, ann fè inite
Nou p ap janm ka fè nòs si nou pa marye
Avanse, sove peyi a
Peyi a se yon bato
Navige, n ap rivee ak lafwa
Bousòl nou se libète
Nou kanpe, fin ak mizè sa
Lajenès klere flanbo
Leve, soti nan fènwa
Bak, bak, bak
Sa fè lontan nou t ap fè bak
Nou deside bay kò n de tap
Pou nou ka divòse
Ak yon sistèm ki pa t mache
Kote chak moun fè yon ti klan
Fè ti lajan, fè ti magouy pa yo (pa yo)
Plimen la nation, fè koripsyon, fin ak pratik sa yo
Kounyeya la, nou deside pou sa chanje
N ap chanje direksyon ak mantalite
Pou lòt jenerasyon fyè de sa n kite
Avanse, sove peyi a
Peyi a se yon bato
Navige, n ap rivee ak lafwa
Bousòl nou se libète
Nou kanpe, fin ak mizè sa
Lajenès klere flanbo
Leve, soti nan fènwa
Rasanble
Rasanble
Gen resous, nou gen fòs, ann fè inite
Pou lòt jenerasyon fyè de sa n kite
Wo-yo, wo-yoy
Avanse, sove peyi a
Peyi a se yon bato
Navige, n ap rivee ak lafwa
Bousòl nou se libète
Nou kanpe, fin ak mizè sa
Lajenès klere flanbo
Leve, soti nan fènwa

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar