Kishore Kumar Hits

BélO - Pwofesè yo şarkı sözleri

Sanatçı: BélO

albüm: Motivasyon


Ou kenbe men m pou moutre m ekri
Lè m t ap grandi kou ti bwa kwochi
Ou envesti tan w pou bati m, kondui m
Fòme lespri m, ou beni lavi m
Ou edike m, ou gide m chak pa
Reyon limyè m, ou kwape fènwa
Ou prepare m, ou ban m yon avni
Lè m reflechi, sa w bay p ap gen pri
Pa yon fwa m sonje m te di w mèsi jan m ta dwe a
Malgre (se yo, se yo)
Pwofesè nou yo (se yo, se yo)
Se yo ki ban nou lanmou
Toupatou, chak jou, se yo
Mèt lekòl (se yo, se yo)
Matmwazèl yo (se yo, se yo)
Se yo ki ban nou lanmou
Fè lavi nou, se yo
Fe klas matènèl jouk nan tèminal
Inivèsite pou rive nan zetwal
Chak mo w di, yo make, yo tanpe m
Enspire m, lè m tonbe, yo leve m
Mèsi pou leson ou te konn ban m
Ou te chanje vizyon m
Lè w te konn kenbe gidon mwen
Pou tout sa, m ap di w mèsi jodi a jan m ta dwe a
Eske se yo (se yo, se yo)
Pwofesè yo (se yo, se yo)
Se yo ki ban nou lanmou
Toupatou, chak jou, se yo
Se yo, se yo
Pwofesè yo (se yo, se yo)
Se yo ki ban nou lanmou
Fè lavi nou, se yo
Se yo (yon mizik p ap ase pou m ba w respè)
Se yo (salè a pa ase pou efò w fè)
Se yo (al'on metye rèd an Ayiti, se pwofesè)
Se yo (ou pa janm dekouraje)
Se yo, se yo
Se yo, se yo
Se yo ki ban nou lanmou
Toupatou, chak jou, se yo
Se yo, se yo
Se yo, se yo
Se yo ki ban nou lanmou
Fè lavi nou, se yo
Se yo ki ban nou lanmou
Fè lavi nou, se yo

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar