Kishore Kumar Hits

BélO - Gran nèg şarkı sözleri

Sanatçı: BélO

albüm: Motivasyon


Paske w pi gran nèg pase lajan
Ou pi gran nèg pase lajan
Ou pi gran nèg pase lajan
Ou pi gran nèg pase lajan
Yo di lè w bay, ou vin pi rich
Ou vin pi pòv lè w s'on moun chich
Tout sa w kenbe, li diminye
Sere l byen fon, li pral gate
Tout sa w bay miltipliye
Syèl la bay, moun pa manke
Pa ret konte sa w gen pòch, eh!
Plis ou vle bay
(Plis ou genyen)
Se pa ret tann
(Si m gen yon ven)
Si w kontan bay
Tout bagay ap ba w legen
Paske w pi gran nèg pase lajan, wo-yo, wo-yo!
Ou pi gran nèg pase lajan wo-yo, wo-yo-yo!
W ap vin pi gran nèg pase lajan wo-yo, wo-yo-yo-yo!
Lamitye vo pase lajan

Yon liv fèmen s'on pil papye li ye
Yon liv ouvè, fò w konn sa sa ye
Filantropi w pi plis pase tout liv
Filozofi w dwe pi plis pase bout kuiv
Ke sa gen lò ak tout dyaman
Pa fòt pa w pase lajan
Esans lavi w pa dwe nan pòch
Plis ou vle bay
(Plis ou genyen)
Se pa ret 'die'
(Si m gen yon ven)
Plis ou vle bay
Plis sa k nan kè w va limen
Paske w pi gran nèn pase lajan, wo-yo, wo-yo!
Ou pi gran nèg pase lajan wo-yo, wo-yo-yo!
W ap vin pi gran nèg pase lajan, wo-yo-yo-yoyoy!
Lamitye vo pase lajan
Richès san sajès pa anyen
Pito w kreye travay
Kreye mwayen pou byen sikile
Pou richès miltipliye
Lè sa w a gran nèg
Bélony k di sa
Si w se yon bon Samariten
Ede chak frè w ki nan bezwen
Charite p ap chase malsite
Kreye djòb, restore 'la dignité'
Paske w pi gran nèn pase lajan (ou pi gran nèg, ou pi gran nèg)
Ou pi gran nèg pase lajan (w ap pi gran nèg, w ap pi gran nèg)
W ap vin pi gran nèg pase lajan (fratènite vo pase lajan)
Lamitye vo pase lajan (solidarite vo pase lajan)
Paske w pi gran nèg pase lajan (lamitye vo pase lajan)
Ou pi gran nèg pase lajan (trankilite vo pase lajan)
W ap vin pi gran nèg pase lajan (pito w gran nèg, ou san lajan)
Lamitye vo pase lajan

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar