Kishore Kumar Hits

BélO - Mdeside şarkı sözleri

Sanatçı: BélO

albüm: Fanm Lakou Trankil


Se tout tan sa rive
Yon bagay fè n fache
Men si nou te pale sa te ka pa rive, non, non
Jodi a m deside
Ke sa p ap kontinye
Avan solèy kouche, cheri fòk nou pale
Se tout tan sa rive
De moun damou fache
Men sa pa dwe dire
Tousuit, fòk yo pale
Nou g'on tan k pa menm ase
Pou nou fè sa nou reve
Si nou kite l fin pase
Se nou k ap regrete l
Cheri
Pouki w ap meprize m
Cheri
Ou pa vle m bò kote w
Cheri
Pouki w abandone m
Cheri
Ou pa vle m vin pi pre w
Mwen rekonèt mwen fè sa k pa bon
Men wi, cheri, ou t ap gen rezon
Si ou ta pran nenpòt desizyon
Se pou tèt sa m ap mande w padon
An verite sa pa t gen dwa rive
Pou nou fache, nou fè jou n pa pale
Nou sanble bliye si se modèl nou ye
Avan solèy kouche, fò n pale

Se tout tan sa rive
De moun damou fache
Sa pa dwe dire
Toutsuit, fòk yo pale
Nou g'on tan k pa menm ase
Se 'à prendre ou à laisser'
Si nou kite l fin pase
Se nou...
Oh-oh! Cheri
Pouki w ap meprize m
Cheri
Ou pa vle m bò kote w
Cheri
Pouki w abandone m
Cheri
Ou pa vle m vin pi pre w
Cheri
Pouki w abandone m
Cheri (mwen menm mande w padon)
Pouki w abandone m
Cheri (an verite, m ap soufri)
Ou pa vle m vin pi pre w
Mwen rekonèt mwen fè sa k pa bon
Men wi, cheri, ou t ap gen rezon
Si ou ta pran nenpòt desizyon
Se pou tèt sa m ap mande w padon

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar