Kishore Kumar Hits

Ansy Derose - Brav gede şarkı sözleri

Sanatçı: Ansy Derose

albüm: Les titres d'or


Ou te mèt rich ou te mèt pòv
Mouche sesi mouche sela
Ou te mèt blan ou te mèt nwa
Nou tout se pase n ap pase
Ke se ou k trèt ke se ou yo trayi
Ke se ou k jij ke se ou yap jije
Ke w se bouwo ou pòv y ap kraze zo w
Nou tout se pase n ap pase
Brav gede
Nan baryè simityè
Lap tann ni wa ni chen
Pou latè manje
Ke w se wa lyon ke w se mouton
Ke w se ke bèf ke w se bouche
Ke w se chasè ke w se zwezo
Nou tout se pase n ap pase
Ke w se pye bwa y ap tronse san rezon
Ke w se goyin ke w se manchèt
Ke w se ponya k ap ponyade
Gon jou k rive fòk ou wouye
Brav gede
Si w tande sèten zòm pale
Ou riske kwè ke se Bondye
Wa kouri vit mete ajenou
Rele pitye mande padon
Gen yon sèl Bondye yo pa sa wè l
Li blije kache kòl nan syel
Bondye se nèg entelijan
Lòw l ba w ti kal
Rès la se pal
Brav gede
Ke w te grangou jis ou tonbe
Ke w gen manje pou gaspiye
Ke w nan la jwa ke w nan la penn
Tout sa se tenten madigra
Pitit gran nèg pitit sò yèt
Pitit jan sòt ak jan lespri
Menm pa m ki pa m gen pou l pase
Nou tout se pase n ap pase
Brav gede
Si nap chache la verite
Nanpwen rezon pou n deplase
Chache nan kè n se la l rete
Sèl verite a se lanmou
Brav gede

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar