Kishore Kumar Hits

Rodlin Pierre - Ma Va We Li (20k CD) [feat. Jethro Decimus] şarkı sözleri

Sanatçı: Rodlin Pierre

albüm: Chant D'esperance


Yon jou ma sispann chante'm yo,
Vwa'm a rete san'l pa chante;
Men ak sen ki nan la glwa yo,
Nanm mwen va kontan pou'l mele.
2.
Yon jou fòk kan menm mwen kite
Abitasyon'm sou la tè a,
Men pòt abitasyon Bondye
Va louvri pou mwen jou sa a.
3.
Yon jou fè nwa va kouvri mwen,
Solèy va kouche pou toujou;
Men an wo Jezi va pran mwen,
Pap janm fè nwa, men tout tan jou.
Ma va wè li men'm jan li ye,
Jezi, redanmptè, Pitit Bondye.
(2 li-n 2 x)
4.
Fò'l vini, jou la glwa sa a,
Se li ki asirans kè mwen,
Senyè, kenbe'm pare pou sa,
Nan ou m'mete tout konfyans mwen.
Ma va wè li men'm jan li ye,
Jezi, redanmptè, Pitit Bondye.
(2 li-n 2 x)

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar