Kishore Kumar Hits

Alabanza - Tonbe Damou şarkı sözleri

Sanatçı: Alabanza

albüm: Alabanza Collection, Vol. 1


Tonbe damou pou ou
Mwen renmenw pi plis Chak jou
Lèm tande vwaw pale
Nanm pran dife
E Mwenbe damou ou
Douvan jou tanmen pi bèl
Lawoze benyen tout fèy
Zwezo pran chante yon ti melodi
Ki fè lanmou parèt pi klè
Pi klè pase solèy midi
Pi fre pase dlo kanari
Souf mwen anvi koupe
Lèm sonje verite
Tout sa ou te sere pou mwen
Tonbe damou pou ou
Mwen renmenw pi plis Chak jou
Lèm tande vwaw pale
Nanm pran dife
E Mwenbe damou ou
Vye moman kapab rive
Pwoblèm anpechem sonje
Tout sa ou ye pou mwen
Tout saw ka fè pou mwen
Sim deside koube nan pyew
Pyew ki te mache sou lanmè
Pyew ki te grenpe mòn kalvè
Se law montrem renmen
Yon lanmou san mezi
Louvri pòt paradi pou mwen
Tonbe damou pou ou
Mwen renmenw pi plis Chak jou
Lèm tande vwaw pale
Nanm pran dife
E Mwenbe damou ou

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar