Kishore Kumar Hits

Rodrigue Milien - Mwen ta renmen konen şarkı sözleri

Sanatçı: Rodrigue Milien

albüm: Les meilleurs boléros d'Haïti, vol. 4


Mwen ta renmen konnen dat e jou map mouri
Pou m kapab jwi lavi m
Mwen deja konsanti
Solèy nan syèl boule m
Lapli pa janm tonbe
Tout moun kouri kache
Moun grangou dechennen
Oh mon Dieu
Padone m pou peche mwen
Jèn jan, jèn fi renmen
Pou yon 'pain quotidien'
Gason ap Bay manti
Yo toujou ap pati
Sa w pa renmen pou ou
Pa janm vle l pou lòt moun
Chay lou k sòti sou tèt
Sou zepòl pou l tonbe
Oh mon Dieu
Padone m pou peche mwen
Efase ti defo ki nan kè mwen
Bay manti se metye m fè chak jou
Koutwazi se larichès lakay mwen
Mon amour
Mwen renmen ou toujou-ou-ou-ou-ou
Efase ti defo ki nan kè mwen
Bay manti se metye m fè chak jou
Koutwazi se larichès lakay mwen
Mon amour
Mwen renmen ou toujou-ou-ou-ou-ou
Cheri
Padone m si m ba w manti
Mwen konnen, cheri, m pa bon devan w
Mwen konnen m ba w manti chak jou
Men
Avan m mouri,cheri
Efase peche sa yo pou mwen
Mwen ta renmen sispann
Bay menaj mwen manti
L ap fè twòp jalouzi
Li sanlè pou l mouri
Chanson m se distraksyon m
Se tout konvèzasyon m
Lajan rele pe dyòl
Tout moun respekte moun
Oh mon Dieu
Antre m nan paradi
Efase ti defo ki nan kè mwen
Bay manti se metye m fè chak jou
Koutwazi se larichès lakay mwen
Mon amour
Mwen renmen ou toujou-ou-ou-ou-ou
Efase ti defo ki nan kè mwen
Bay manti se metye m fè chak jou
Koutwazi se larichès lakay mwen
Mon amour
Mwen renmen ou toujou-ou-ou-ou-ou

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar