Kishore Kumar Hits

Bic Tizon Dife - Se Pa Nou Tout şarkı sözleri

Sanatçı: Bic Tizon Dife

albüm: Vokabi-Lari


Ye!
Ye!
Nou tout bezwen soti
Paske nou tout nan tou
Nou tout bezwen manje
Paske nou tout grangou
Nou tout vle respire
Paske nou tout rakou
Nou tout ap mache chache lavi toupatou
Men se pa nou tou-ouuut
Ki prè pou pou aksepte yo koubi do nou
(Banza)
Se pa nou tou-ouuut
Ki prè pou machande fyète nou (fòs)
BIC di se pa nou tou-ouuut
Nan koridò yo
Se pa tout jenn gason
Yo ka fè tounen Medò yo
Se pa nou tou-ouuut
Nou tout grangou
Men nou tout pa tigrangou
Kenbe, kenbe la, pinga lage
Ayiti se yon pyès kay
Se nou poto a ye
Kanpe, kanpe pa deplase
Moun ki pa renmen nou yo
Se yo ki pou demake
Nou se jenès
Sa vle di nou se baton 'la vieillesse'
Veye nan antouraj ou tou moun ki gen move mès
Pa kite yo mete pri sou tèt ou, ou pa komès
Kenbe flanbo a pou l pa tenyen
Menm si ou pa soti nan fanmi ki gen gwo mwayen
Gen twò lontan yo trete w tankou rad sal
Menm jan mwen gen lontan m pa ba w plezi nan dennsal
Nou tout bezwen soti
Paske nou tout nan tou
Nou tout bezwen manje
Paske nou tout grangou
Nou tout vle respire
Paske nou tout rakou
Nou tout ap mache chache lavi toupatou
Men se pa nou tou-ouuut
Ki prè pou pou aksepte yo koubi do nou
Se pa nou tou-ouuut
Ki prè pou machande fyète nou (fòs)
BIC di se pa nou tou-ouuut
Nan koridò yo
Se pa tout jenn gason
Yo ka fè tounen Medò yo
Se pa nou tou-ouuut
Hanmm!
Mwen konnen nan Geto li pi difisil
Sante nou pa pi solid ke yon fisèl
Anplis yo pran nou tout pou pitit Sesil
'Donk, detèmination se sèl...
Zam nou posede
Pou n reyisi, fòk nou obsede
Lè tantaston yo vle tounen gwo menas
Ou bezwen kanpe an Kibadachi de fas
Pa bliye se nou...
Nou tande
Ki dwe chòfè tèt nou (fòs)
Nou tout bezwen soti
Paske nou tout nan tou
Nou tout bezwen manje
Paske nou tout grangou
Nou tout vle respire
Paske nou tout rakou
Nou tout ap mache chache lavi toupatou
Men se pa nou tou-ouuut
Ki prè pou pou aksepte yo koubi do nou
(Banza)
Se pa nou tou-ouuut
Ki prè pou machande fyète nou (fòs)
BIC di se pa nou tou-ouuut
Nan koridò yo
Se pa tout jenn gason
Yo ka fè tounen Medò yo
Se pa nou tou-ouuut
Nou tout bezwen soti
Paske nou tout nan tou
Men se pa nou tout
Ki prè pou kite yo demounize nou
Nou tout vle respire
Paske nou tout rakou
Nou tout ap mache chache lavi toupatou
Men se pa nou tou-ouuut
(Se pa tout jèn nan Geto ki kite yo pran yo pou tisina)
Se pa nou tou-ouuut
(M ap voye yon gwo kout mikro pou tout jèn k ap soufri, men ki kenbe la)

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar