Kishore Kumar Hits

Bic Tizon Dife - Boom ! şarkı sözleri

Sanatçı: Bic Tizon Dife

albüm: Vokabi-Lari


Alright then
Nou den-den-den-deng
Boom! cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Gen lè nou p ap chape
Boom! Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Adje Bondye
Boom! Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Ole, ole (boo-boom, boom!)
Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Anba pano ki di "Machin pa ka"
Se la nou fè estasyon komyonèt ak taksi moto
Anba pano ki di "Machann pa chita la"
Se la nou vann picapollo, pèpè ak boul gogo
Kote pou n pa antre se la nou fonse
Bote pou n pwoteje se li nou defonse
Nou tankou sèpan k ap mòde pwòp ke li
Kritike lòt la, men nou pa pi pwòp ke li
Lakansyèl isit pèdi respè
Paske depi nan kidergarden yo fè n renmen yon sèl koulè
Tête bien faite, tête bien pleine pa alamòd
Paske tout jèn gason pito mache tèt kagoule
Ti moun pa ka manje, nou pa may
Granmoun ap manje dan aletranje, nou pa may pi rèd
Rèv jenès la ap mouri nan pasay
Plis m ap fè pi bèl pwezi se plis nou pi lèd
Rele Legliz (li pa reponn)
Rele Vidouyizan (li pa reponn)
Sosyete sivil (li pa reponn)
Mwen rele gouvènman (li pa reponn)
Tout moun nan peyi a okipe
Yo tout sou entènèt ap tchat sou telefòn
(Boom!) cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Gen lè nou p ap chape
Boom! Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Gen lè peyi ap kangoule
Boom! Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Adje, Bondye (boo-boom, boom)
Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye (boo-boom, boom,boo-boom!)
Nou fè tout vi nou
Ap fè sa pa nan enterè nou
Nou pase tout vi nou
Nan mete pwazon pou tèt nou
Nou anchene pye nou, boom!
Nou manje po pye nou, boom-boom!
Nou pike kè nou, boom!
Nou rache popyè nou, boo-boom-boom!
Nou fè tout vi nou
Ap fè sa pa nan enterè nou
Nou pase tout vi nou
Nan mete pwazon pou tèt nou
Nou anchene pye nou, boom!
Nou manje po pye nou, boom-boom!
Nou pike kè nou, boom!
Nou rache popyè nou, boom-boom-boom!
Rele Legliz (li pa reponn
Rele Vidouyizan (li pa reponn)
Sosyete sivil, li pa reponn
Mwen rele gouvènman (li pa reponn)
Tout moun nan peyi a okipe
Yo tout sou entènèt ap tchat sou telefòn
Boom! Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Gen lè nou p ap chape
Boom! Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Gen lè peyi ap kagoule
Boom! Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Adje, Bondye (boo-boom, boom)
Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye (boo-boom, boom,boo-boom!)
Boom! Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Boom! Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Boom! Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
Boo-boom, boom! Cha-ka-la-ka-la-ka-la-ka-ye
(Boom, boom, boom-boom-boom!)

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar