Kishore Kumar Hits

Bic Tizon Dife - Youn Nan Yo şarkı sözleri

Sanatçı: Bic Tizon Dife

albüm: Vokabi-Lari


Gen de bagay ki pa gen pri, mizik se youn nan yo
Gen de bagay ki pa gen bri, pwezi se youn nan yo
Gen peyi ki chaje talan, Ayiti se youn nan yo
Gen fanatik ki krezi, ou se youn nan yo
Nou mete m sou yon pyedestal, m di nou mèsi
Nou ban m chalè, nou ban m love, nou ban m respè, m di nou mèsi
Se vre m renmen tande Fefe k ap freestyle
Men m wè tèks pa m yo nan je nou, m pa gen 'on boul Kristal
M vin retounen ban nou èd nou te ban mwen
Efè boumrang, nou voye m anlè, m redesann vin jwenn nou
Zèl nou ban mwen fè m vole pi wo pase nou
Men yo pap janm fè m bliye ke m te leve nan de pla men nou
Anpil moun ki ap fè mizik san sèvèl
Toujou gen tandans rele sa y ap fè a son lari
Tankou m ta di w, nan lari pa gen nèg ki gen revè l
Jodi a m vin di nou sispann bay blag, si n pa vle m ri
Nou te gen misyon pou edike yon jenès
Nan ba yo bouyi vide yo prèske pèdi gou bouch yo
Tizon Dife a kanpe an do-kre-i-ès
Kont tout sa k ap fè kònè tounen touch yo
Direksyon enspirasyon se anlè l ye
Tout konpozisyon dife nan pay se pou on lè l ye
Sispann aprann lari a panse an kou l cho l kwit
Pou yo sispann panse ke siksè dwe vini tout swit
Plis w ap ankouraje medyokrite w ap pi frajil
Plis w ap leve nivo lari a w ap pi ajil
Plis w ap kouri, se plis ou sanble ak aksidan
Plis w ap monte, pezantè a vin pi fatigan
M s'on atis ki gen de pye m sou tè
Mwen goumen anpil anpil pou m mache tèt anlè
Nan non Easy One
Tout riyèl, tout gran ri
Albòm sa a batize Vokabi-Lari
Gen de bagay ki pa gen pri, mizik se youn nan yo
Gen de bagay ki pa gen bri, pwezi se youn nan yo
Gen peyi ki chaje talan, Ayiti se youn nan yo
Gen fanatik ki krezi, ou se youn nan yo
(Youn nan yo) Yeah
(Se youn nan yo)
Sa k ap sipòte m yo
(Youn nan yo)yeah
(Ou se youn nan yo)
Fanatik k ap chante yo
(Youn nan yo) yeah
(Youn nan yo) yeah
(Youn nan yo) eee yeah
Yow!
Bò isit, kiyès ki gran, kiyès ki piti?
Kiyès ki Ayisyen, kiyès ki blan, ki sa ki Ayiti?
Ki sa ki akiltirasyon, ki sa ki kilti?
Men ki jenerasyon ke n ap fòme pou lefiti?
Gen bagay ki ka sove nou, mizik se youn nan yo
Malerezman gen atis ki pran li pou yo pèdi tan yo
Swadizan pwomotè ki di w pa ka rive san yo
Bon nou pa janm fè wout, ki jan pou nou fè bloke pasan yo?
M pase kou sentiwon nan pasan yo
Mwen pa janm kite yo itilize m pou pastan yo
Karyè m dekole san yo
Mwen pa tèt pete ki vin bay kreten bwè san yo
Mwen fè mizik pou m mete peyi m devan
Tankou m te di nan Flex BIC pral pata pik, mabouya rele van
Gen moun ki panse manman m te pouse m de pye devan
Pou jan m tonbe nan gòj yo tankou yo pa genyen dan devan
Tizon Dife a pi rèd
Plis w ap eseye bare l, se plis w ap pi lèd
Gen kèk tan nou maltrete nèg lari yo
Nou fè yo chante lòbèy, apre sa pou nou ka ri yo
Bagay sa yo, m paka gagari yo
Imaj nou montre de jenès la pa gabari yo
Mwen pote yon lòt pwezi pou yo
Pou mezire rèv yo, lòt mezi pou yo
Gen de bagay ki pa gen pri, mizik se youn nan yo
Gen de bagay ki pa gen bri, pwezi se youn nan yo
Gen peyi ki chaje talan, Ayiti se youn nan yo
Gen fanatik ki krezi, ou se youn nan yo
(Youn nan yo), yeah
(Se youn nan yo)
Fanatik k ap chante yo
(Youn nan yo), yeah
(Se youn nan yo)
Medya k ap woule m yo
(Youn nan yo), yeah
(Youn nan yo), yeah
Youn nan yo), yeah
Yeah, (youn nan yo)
Gen mizisyen ki gen talan, John Mogène se youn nan yo
Gen manadjè ki gen lanmou, Lourdana se youn nan yo
Gen bagay ki ban m respè, lekòl se youn nan yo
Gen fanm ki pa janm fatige, manman m se youn nan yo
Youn nan yo, se youn nan yo
Youn nan yo, se youn nan yo
Youn nan yo, sa se youn nan yo
Youn nan yo, Master Luck beat la
Se youn nan yo

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar