Kishore Kumar Hits

Bic Tizon Dife - Toutouni (feat. André Fouad) şarkı sözleri

Sanatçı: Bic Tizon Dife

albüm: Kreyol Chante Kreyol Konprann


Latè joure manman nou katrè aprèmidi
Li touse sou nou, li touse sou nou
Li bave sou nou, li bave sou nou
Li rele sou nou, li rele sou nou
Li dezabiye nou, li dezabiye nou
Pousyè leve, li leve anba jipon peyi m
Pousyè leve, li mete n nan lari
Pousyè leve, n ap konte
N ap konte kadav solèy ki depatcha sou boulva lanmò
M anvi pale, m anvi jwe
M anvi ponpe, m anvi kadanse, m anvi rele
M anvi tounen mo yo lanvè
M anvi yon lòt peyi
M anvi jwe ak zwazo yon lòt vil
M anvi, m anvi yon lòt peyi pou li sispann tounen toupi nan men latè
Yon tè woule m de bò, yon tè toupi, yon tè labouyi
Pousyè leve
Li leve jipon peyi m
Pousye leve
N ap konte kadav, n ap konte kadav nan peyi

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar