Kishore Kumar Hits

Bic Tizon Dife - M Ap Rape Yo şarkı sözleri

Sanatçı: Bic Tizon Dife

albüm: Recto-Vèso


Lawon goch ta swete ke plim mwen vomi
Yo pèdi fèy, menm si yo pa gen pwoblèm anatomi
Pou valè bagay ki gen andedan tèt mwen
M poko prè pou m kite mwayenn 4 kale 7 mwen
M ap kontinye atire atansyon nou
Sou sa ki pi enpòtan ke kanè bank ak pòch kanson nou
Yon peyi ki bouke mache ajenou
M pap aprann nou anyen
Nou tout wè avèk de je nou
Sistèm politik la bezwen remanyen
Pou ansanm ansanm nou sispann pote dlo nan panyen
Koute, nan lekòl yo, nou bezwen plis lòd
Administrasyon leta yo, yo bezwen plis kòd
Sou ki baz nou deklare ke peyi a gen de lang
Pandan ke se ak moun ki pale Fransè nou tete lang
Bagay sa yo paka pa leve plim sou do m
M ap kontinye fè efò pou sistèm lan pa douko m
Ale vini motè machin nan toujou an feblès
Si chanm pa bay rezilta met kawotchou tiblès
Jouk tan nou gen pratik 'on peyi k ap mache
E fyète patriyotik sa pa vann nan mache
Si chak politisyen gen yon blan dèyè banann li
Se nòmal pou chak ayisyen tounen yon grenn banann mi
Domaj, paske n te tèlman byen kòmanse
M pat imajine jounen jodi nou ta nan ranse
Tèks sa a li ekri pou tout sa k pa konn ekri
E m chante l pou tout sòyèt ki paka fè lekti
Tout fanmi,tout zanmi, tout nanm, tout kè
Tout sa k antre nan prizon san pase devan Pakè
Tout moun ki, pa volonte ou pa aksidan
Fèt nan yon lòt peyi kote y ap trete yo kou peny ti dan
Tout moun ki pèdi fyète yo depi lontan
Tout manman ak ti bebe kape dòmi nan rak pikan
Tout pwòf ki paka posede yon bon soulye
Tout pòv ki wè manje men k pa konn ki gou l ye
Menm jan ak nou, mwen wè anpil lajan sal
Men avèk yon bwa gita mwen pito chita nan yon sal
M ap itilize mikwo pou vwa
Depi 14 an li banmwen yon kantite pouvwa
Pou m pale pou nan non sila yo ki pa gen vwa
M pa atis pa plezi, m s'on atis pa devwa
Zanmi, gade m nan je, w ap wè gwosè fyète m
Depi 14 an m pa janm kite moun mache sou pye m
10 goud ou posede pap fè m fè jiwèt
BIC Tizon Dife paka nan grennen jibrèt
Menm lè m pa dòmi sou zòrye, m toujou reve
Ke yon lè n a bouke vann Ayiti pou je kreve
Nou mal manje, nou mal dòmi
Gen nan nou k achive
Ke w te tèt kale bobis oubyen w te chaje cheve
Lè n ale nan kontribisyon pou nou peye leta
N pase mizè paske sèvis la en 'mauvais état'
Nou fè pati de yon sèl bato k ap koule
Nan gaspiyaj ak lajan k ap boule
Kounya mwen pral mete kouto nan plè a
W ap tann refren?
M poko fini ak kouplè a
Pouki pastè paka pase men nan kou pè a?
Nan yo de a, di m kiyès pou m pè a?
Pou m jwenn verite nan ki bouch pou m pase bè a?
Nan ki asanble ki gen lanmou san rabè a?
Se 'la religion' ki pou bay egzanp lapè a
Pou nou sove tè a
M fenk kare kalonnen
M fenk kare talonnen
M fenk kare met nan men granmanjè jouk yo balonnen
M fèk kare wete wete, mete mete, pete pete plon nan tèt chwal
Ki pran Ayiti pou galonnen
M fenk kare nan tenpan yo
Mete volim
M fenk kare nan konsyans yo
Mete kout plim
M fenk kare pa neglije korije kaye yo
BIC Tizon Dife!
Hey!
A letranje yo pran nou pou lepandyè
Pran liy anbasad pou n al lave chodyè, hey!
Gen nèg isi kape mache fè pedan
Men depi yo laba yo pa plis ke yo pwa dan, hey!
Pou kantite enèji k ap travèse nou
Annou itilize yo kont advèsè nou
M reyalize si gen moun ke yo pa pè se nou
Genlè yo krache nan pise nou
M fenk kare kalonnen
M fenk kare talonnen
M fenk kare met nan men granmanjè jouk yo balonnen
M fenk kare wete wete, mete mete, pete pete plon nan tèt chwal
Ki pran Ayiti pou galonnen
M fenk kare di w menm si ou milyadè
Menm si w kòmande lemond antye alawonbadè
Menm si se ou k ta gen kle syèl la nan men w
Si w pa gen lanmou, pran men w
La-la-la, la-la-la-la-la (la-la-lay-lay-lay)
La-la-la, la-la-la-la-la (fòs)
La-la-la, la-la-la-la-la (la-la-lay-lay-lay)
Si m pa gen lanmou, mwen pa anyen
La-la-la, la-la-la-la-la
La-la-la, la-la-la-la-la (chante avè m)
La-la-la, la-la-la-la-la
Si m pa gen lanmou, mwen pa anyen
(La-la-la) posede bèf
(La-la-la-la-la) posede kabrit
(La-la-la) posede avyon
(La-la-la-la-la) posede zam
(La-la-la) posede sann
(La-la-la-la-la) posede zetwal
(Men)
Si m pa gen lanmou, mwen pa anyen
Aah-aah!
La-la-la, la-la-la-la-la (chante)
La-la-la, la-la-la-la-la
La-la-la, la-la-la-la-la (gade, se di m vin di w)
Si m pa gen lanmou, mwen pa anyen

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar