Kishore Kumar Hits

Bic Tizon Dife - Vaksinasyon şarkı sözleri

Sanatçı: Bic Tizon Dife

albüm: Recto-Vèso


Medyokrite se yon maladi kontajye
Pa mezi de prekosyon, fòk lespri w vaksinen
Yon travay ki pa enspire fyète
Mwen konsidere l kou savon ki pa kimen
Avèk yon plim e yon diksyonè, se kòmsi mwen se yon doktè k ap sove yon fanm ki fè eklanmsi
Tout paran malad la vire do ba li
Enkyetid avèk presyon tonbe sou do m kou lam si
Medyokrite se yon maladi kontajye
Pa mezi de prekosyon, fòk lespri w vaksinen
Yon travay ki pa enspire fyète
Mwen konsidere l tankou savon ki pa kimen
Tankou yon gadyen ki kanpe nan tèt malèt la
M ap chache jwè ayisyen sou planèt la
Pou m pase balon fyète a ba yo
Pou yo pa janm bliye lakay yo
Lavi pa rezime ak kantite bagay ou fè
Men ki valè ou byen fè
Lè tout moun ap bwè, m se kanèt la
Lè yo pa wè klè, m se manèt la
Granmoun yo pran plezi pou yo jije n
San eksplike pou ki sa yo toujou neglije n
Nou bwè, nou vomi, nou gagari
Jodi nou di aba, demen nou di avi
Bakaloreya tounen savann
Rakete tout kote gen papye tenbre pou vann
Tèt pa sou zepòl, dwèt sou gachèt
Nou pi frajil ke yon fil kasèt
Nou pa ka chita nan griyen dan
Bis ak kamyon pwovens bouke fè aksidan
Chak lekòl gen yon pri
Chak legliz gen yon kri
Moun lan te mèt jèn, sou figi l gen yon pli
N ap make pa sou plas, nan je tout moun san respè
Etidyan k ap chanje klas san etid pa ka gen siksè
Bing bang sa la twò lontan
'Hing hang' sa fè m chanje lontan
Vaksinasyon mantal nesesè
Pa fè tèt cho lè pòch ou pa gen gwo epesè
Sou dodin lavi a, m toujou kage
Ap gade jenn gason k ap peyen lage
Koze reyisit ou echèk s'on gwo deba
Men deja, lavi se yon chèk
M pi renmen atis k ap pran plezi sou sèn
Ke kretyen an Chal Kalis k ap fòse pran lasèn
Medyokrite se yon maladi kontajye
Pa mezi de prekosyon, fòk lespri w vaksinen
Yon travay ki pa enspire fyète
Mwen konsidere tankou savon ki pa kimen
Avèk yon plim e yon diksyonè, se kòmsi mwen se yon doktè k ap sove yon fanm ki fè eklanmsi
Tout paran malad la vire do ba li
Enkyetid avèk presyon tonbe sou do m kou lam si
Lave andidan tèt nou trè enpòtan
Si nou bezwen kò nou toujou ret an sante tout tan
Vaksinen zòrèy nou kont medya k ap woule plis atis etranje ke atis peyi a
Mwen renmen peyi m, mizik mwen se temwanyaj
M ap viv ak kè m kenbe nan men m, tètmwennan nyaj
Depi ki lè pou popilè fòk ou di betiz
Fòk gen vaksinasyon kont tout atis k ap vin betize
Eskize, si w santi m tape w sou dwèt
Men m pa dakò pou pran mizik, fè welewelebwèt
Sispann chante sa w pa vle pitit ou chante
Epi dayè, menm Gwomoso pat fini an bote
Atis gen plis ekout ke yon lidè
Jodi a, m konfòtab, donk mwen pap chanje lide
Nan mitan pwopozisyon sanpidè
Pozitiv mwen, tèks mwen jwe wòl telegide
Medyokrite se yon maladi kontajye
Pa mezi prekosyon, fòk lespri w vaksinen
Yon travay ki pa enspire fyète
Mwen konsidere kou savon ki pa kimen

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar