Kishore Kumar Hits

Bic Tizon Dife - Genyen Wi La a ! şarkı sözleri

Sanatçı: Bic Tizon Dife

albüm: Recto-Vèso


Wè!
Si genyen!
Genyen ki jete dlo, genyen ki priye
Genyen k tèlman bay dlo ki preske neye
Genyen se zòm pòtan politik griye
Genyen se gran paran ke lavi pliye
Genyen se restavèk ke sosyete a bliye
Genyen se soufnantchou ke metwopòl la triye
Genyen se krizokal tonton Sam fè briye
Pou l ka sèvi avèk yo chak fwa l bezwen piye
Gen Madan Sara, gen endistriyèl
Gen moun ki refize wout dwat pou pran vye riyèl
Genyen ki onèt, genyen se vipè
E moun ou rekonèt, pafwa, se li w pi pè
Genyen se bon frenn, genyen se bon grenn
Genyen se tèt pete, genyen se bon brenn
Genyen ki peye yon dèt, men se pa li k dwe l
Genyen ki di men koulèv la, men se pa li k tchwe l
Genyen wi la a, genyen wi (madanm)
Genyen wi la a, genyen wi (si genyen!)
Mwen di genyen wi la a, genyen wi
Genyen wi la a, genyen wi
Gen gade san pran
Gen pran san gade
Genyen san zepolèt ki pi chèf ke wograde
Genyen pwofèsè ki pa fè etid
Y ap anseye moral, men yo se pèfid
Gen pou achte, gen pou vann
Gen pou konprès, gen pou bann
Gen pou tout moun
Tout kouch, tout plas, tout klas, tout louch, tout tas
Genyen ki dyabolize
Genyen ki demounize
Genyen ki posede yon batistè
Men ki san idantite
Gen sa ki sèmante demen ka bon
Men fò n ta simante kèk vakabon
Genyen ki gen espwa
Genyen ki gen lafwa
Genyen k ape monte lesyèl pa do
Nasyonalite yo tounen yon fado
Genyen ki pa gen fas, ki pa gen do
Poukisa se sa nou ba yo kòm kado?
Genyen ki kwense, genyen ki prese
Genyen ki estrese, genyen ki blese
Gen atis ki di tout voum se do
Gen BIC Tizon Dife
Genyen wi la a, genyen wi (madanm)
Genyen wi la a, genyen wi (si genyen!)
Mwen di genyen wi la a, genyen wi
Genyen wi la a, genyen wi
Genyen wi la a, genyen wi
Genyen wi la a, genyen wi
Genyen wi la a, genyen wi

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar