Kishore Kumar Hits

Barikad Crew - Toup Pou Yo şarkı sözleri

Sanatçı: Barikad Crew

albüm: Toup Pou Yo


Wouj
Zizirit la
Tou wouj
Tout obstak yo, n pat kanpe
Menm lè n pèdi moun nan wout la
Albòm Jiskobou montre w
Ke nou pa pèdi gou bouch la
Tout jwè nou yo te sou sa
Menm sa ki te sou bann touch la
Toutfwa match la ta sere
Fre day pap chanje taktik sa
Fanatik ki krezi
Ki renmen pran plezi
Ann rele pou BC
San n pa fè bri
Oh! Oh!
Sa k te diw tire
Groove sa a sonw fanatik ki potel
Li soti?
Nan BBC
Oh! Oh!
Eklate
Avèk albòm nan nan mondyal
Yo ba n legain n'tro fò
Kounye a se on sèl bagay n ap tann
Son'w micro dò
Pa gen disk ni palmarès
Paske n toujou devan
Sa m renmen anndan ekip pa m nan
Mwen gen bon avan
(Toup pou yo)
Izolan nan point d'attaque la
L ap score moun
(Zoup pou yo)
Litte BC kanpe dèyè m
L ap ronfle moun
Flèch 1, flèch 2
Nou toup pou yo
Piblik la mande anraje
Pou n met pou yo
Peyi a te kanpe
Ayisyen te pwouve l
Lòt nasyon aksepte l
Fanatik rasanble
... mwen dwe pi move
Menmsi y ap motive
BC rete soude
Pou Rap Kreyòl trionfe
Toup pou yo
Nan tenpan yo nou lage hit la
Toup pou yo
N anpenpan, nou tou bat ekip sa a
Toup pou yo
Nou te gen plan pou n te bat ekip sa a
Toup pou yo
An lagan nou leve defi sa a
Wè sa n te fè pandan twa jou
(Weh!)
Tout moun te mete gadavou
Yo di yo gen on sèl randevou
(Weh!)
Foli yo se Barikad Crew
Avan n te konn ...
(Weh!)
De minit, segonn pa pase
Tout mouchwa yo pou nou leve (Weh!)
Lè nou wè BC ap rive (Weh!)
Li lè, li tan pou nou konfyan
Pou medizan kapab konprann
Se nou k pi bon, nou konn bon jan
Kou bon son
Men leson
Sa sonw don
N ap toujou plis strong
Ayisyen, èske nou prè pou nou travay
(An n ale)
Ann karese, ann rèv siksè nou
San n pa batay
(Ann avanse)
Nou deside nan men yo nou pap ka pran may
Fò n met barikad pou tout moun k ap pran piyay (sou Ayiti)
(Yo echwe!)
Depi nan vestyè ekip la ap chofe
Men nan men, teren n ap monte
Match la kòmanse, piblik la ap rele
Balon santre, chema taktik pral devlope
Yon ti pas adwat, yon ti pas agoch
Nan kan nou prale
(Zoup)
Bèl ti pas fant janm, n ap pike devan
Kan menm fò n laga l
(Zouzoup toup)
Deja, n konnen jenès la ap kale
Nou gen plis fòs, granmoun yo echwe
Toup pou yo
Nan tenpan yo nou lage hit la
Toup pou yo
N anpenpan, nou tou bat ekip sa a
Toup pou yo
Nou te gen plan pou n te bat ekip sa a
Toup pou yo
An lagan nou leve defi sa a
Wè sa n te fè pandan twa jou (Weh!)
Tout moun te mete gadavou
Yo di yo gen on sèl randevou (Weh!)
Foli yo se Barikad Crew
Avan n te konn ... (Weh!)
De minit, segonn pa pase
Tout mouchwa yo pou nou leve (Weh!)
Lè nou wè BC ap rive (Weh!)
An bon ..., si se yon femèl
M ap zouptyoup pou li (Woy)
Etan ke jeneral, se on azizwèl
M ap fout toup pou li (kow!)
Menm lè w tande toup se on defoulman
Pa gen vye jès
Se men nan men pou nou fè wout
Si w se on brigan
Fè kò w fè S (wi)
Se advèse m nan
M veye anwo, m veye anba l
Banm ti teren gro kan
Gen jwè pour faire percer la balle
Lajenès nou pa p janm sispann pwoteje (mete l)
Nan trib gen move tak, fò n evite gwo blese
Nan pran plezi panse avèk edikasyon
L ap bon pou mwen, pou ou, pou li
Pa mande plis esplikasyon (respekte)
K-Tafalk, Dade ak Deja Vu
Nap toujou sonje nou
Ak tout lòt zanmi ki tonbe tou
N ap kenbe BC a pou toutan gen tan
(Gen sa?
Maestro
Zizirit pi rèd
Jiskobou, men nan men
Pou Ayiti ka bèl)
1, 2, 3, pase - Toup
Ekip sa a mande anraje - Toup
Fanatik si nou chofe
N ap fè toup devan, toup dèyè
Toup adwat, toup agoch - Toup
Nou se toro nan Hip Hop la, lè n ap bòs (Boss)
Se nou ki met nivo Rap Kreyòl la nan on lòt pòs (pòs)
N ap flow, Thanks God ki ba nou fòs (fòs)
Bravo ak lajenès ki fè yon nòs
O my People
Ayiti
El fenomeno
BC
Nou krezi pou yo
Nou pot plezi pou yo (bci)
Souke bra au mayo
Vlaw, vlaw
Mouchwa au drapo
Flow Flow
Match fini

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar