Kishore Kumar Hits

kdilak mesaje a - Pwomèt mwen şarkı sözleri

Sanatçı: kdilak mesaje a

albüm: Pwomèt mwen


Wi, oh, yeah!
M pa nui pou m ranpe
Nòmalman pou m mete w kanpe
M pa nui pou m ret san manje
Ay! Depi vant ou plen
Ann redi pou li, ann redi pou li
Ann redi pou lanmou nou an, bebe! Mmmh!
Ann redi pou li
M pa nui pou m mache toutouni, baby!
Pou ke w kouvri
M pa gen pwoblèm pou m soufri
Pou w souri
Ann redi pou li, ann redi pou li
Ann redi pou lanmou nou an, bebe! Mmmh
Ann redi pou li, oh, baby!
Pwomèt mwen avè m w ap ye
Lè moman siksè rive
Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye
Ou pa w bay lòt moun triyonfe
Pwomèt mwen avè m w ap ye
Lè moman siksè rive
Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye
Ou pa w bay lòt moun triyonfe
Gen sa k ban m gwo gagann, sa ki blo m, m aprann
Sa k prezante m malè m pou bonè m
Gen sa k fè m pèdi tan m
Jwe ak santiman m
Fin pwofite m epi y ale
M pa ta vle w ban m do lè sa vin chanje
Fò w ta garanti m, bebe
Espwa m p ap nan dlo si m chwazi fonse
Pou m suiv lanmou nou, non, non
Oh, cheri!
Mmmh! Mwen tou m pa geri
Mmmh! Anpil kou, bebe, vi...
Ann redi pou li
Ann redi pou li
Ann redi pou lanmou nou an, bebe
Mmm! Ann redi pou li, oh bebe
Pwomèt mwen avè m w ap ye
Lè moman siksè rive
Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye
Ou pa bay lòt moun triyonfe
Pwomèt mwen avè m w ap ye
Lè moman siksè rive
Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye
Ou pa bay lòt moun triyonfe
K-dilak, Be-Be-Bedjine
Chak fwa nou choute, nou toujou fè gòl
Se...
Bonne nouvelle!
M pa vle pase tout tan m ap naje pou ou
Apre pou se mwen k nwaye
M pa vle pase tout tan m ap kriye ak ou
Apre pou s'on lòt moun ki jwaye
Kou pyebwa, ann fleri ansanm
Menm si l ta fè nwa, ann fè jou ansanm
Pou n ka kreye tout sa n te reve, tout sa n te reve
Fò w ta kenbe m si pral kilbite, si wè m ta brete
Pa kite m tonbe
Oh, non, bebe, bebe, bebe, bebe, bebe
Pa kite m tonbe
Oh, non, bebe, bebe, bebe, bebe, bebe
M pa vle pase tout tan m ap naje pou ou
Apre pou se mwen k nwaye
M pa vle pase tout tan m ap kriye ak ou
Apre pou s'on lòt moun ki jwaye
El mágico
Pandan...
Pwomèt mwen avè m w ap ye
Lè moman siksè rive
Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye
Ou pa bay lòt moun triyonfe
Pwomèt mwen avè m w ap ye
Lè moman siksè rive
Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye
Ou bay lòt moun triyonfe

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar