Kishore Kumar Hits

Magdala - Soley şarkı sözleri

Sanatçı: Magdala

albüm: Soley


La vi telman dwol tande
Ou ka leve we'w te gen tout bagay
Ou pa g'anyen
Moun ki te konn rele zanmi
Di yo pa renmen'w
Tout sa'w te posede
Jodi li pa vo anyen
Ou te konn ri kouny'a w'atriste
Ou te konn jwi kouny'a w'ap plenyen
Sa'k te konn dous vinn tounen pwazon
Sa'k te konn bon vinn pa bon anko
Konnen soley la toujou klere
Mem le'w pa we'l li toujou klere
Deye nuaj li te met kache
Men'l se soley li toujou klere
Li toujou klere
Tout bill yo te konn peye
Tout zafe'w ta'p byen mache
Yo deside kite'w ale
Pou tet se ou ki antre an denye
Kouny'a se reta sou reta
Yo met koleksyon nan bouda'w
Wa'p jwe tet tet ak sa'w genyen
Poukisa la vi chwazi pran tet ave'w
Soley la toujou klere
Mem le'w pa we'l li toujou klere
Deye nuaj li te met kache
Men'l se soley li toujou klere
Li toujou klere
Nou konn pa konprann pouki
Malgre tout efo
Pwoblem pa'p fini
Nou fe tout sa nou kapab
Trase tout chemen nou kapab
Sa pa bay anyen
N'pa santi nou ka we demen
Sonje soley la toujou klere
Mem le'w pa we'l li toujou klere
Deye nuaj li te met kache
Men'l se soley li toujou klere
Li toujou klere
Sonje soley la toujou klere
Mem le'w pa we'l li toujou klere
Deye nuaj li te met kache
Men'l se soley li toujou klere
Li toujou klere
Li toujou klere
Li toujou klere
Li toujou klere

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar