Kishore Kumar Hits

Kenny Haiti - Woulib şarkı sözleri

Sanatçı: Kenny Haiti

albüm: Versatile


Yèw! Kenny, ou-ye-non!
Sa gen lontan nou renmen
Men sa gen lontan depi nou pa viv byen
Se kè senyen, tout la jounen, n ap goumen
Pou lòt nou pa vo anyen (Anyeyay)
M pa konn ki dènye fwa nou pale
M rete, m pa di anyen, maling menm ap anpire
Ki dènye fwa nou f on ti bo
Lè m swaf, nan bouch mwen w met ti dlo
Gen lè w pa wè nou fin dezabitye
Se tank on motè ki pa vle pati
Nan kaye lanmou, nou chaje rati
Relasyon sa bezwen bon jan terapi
Koz lanmou nou sou woulib, woulib
Se tank on motè ki pa vle pati
Nan kaye lanmou nou chaje rati
Relasyon sa bezwen bon jan terapi
Koz lanmou nou sou woulib, woulib, woulib
(Ouh-oh) cheri, ou-ye, ay! (Ouh-oh)
Doudou mwen (Ouh-oh, oh) wo-oh-oh
Son-sonje lè n te komanse, nou te konn fè tout bagay
Kounya n kanpe de lwen, n ape fè lot babay
Mwen ave w toujou sou kont, nou tankou de kòk batay
Pou n retounen menm jan an, m pa konn sa pou m ta bay
M ap chache, m ap chache rezon ki fè, jounen jodi a, mwen avè w pa an akò
M bouke, m bouke fè sanblan n ap byen pase devan la sosyete
Bagay sa m pa dakò
Wayayayay, woyoyoyoy!
Dèfwa m rete, cheri, m santi m sèl
Wayayayay, woyoyoyoy!
Pou lanmou transfòme e l anmè kou fyèl
Se tank on motè ki pa vle pati
Nan kaye lanmou, nou chaje rati
Relasyon sa bezwen bon jan terapi
Koz lanmou nou sou woulib, woulib
Se tank on motè ki pa vle pati
Nan kaye lanmou, nou chaje rati
Relasyon sa bezwen bon jan terapi
Koz lanmou nou sou woulib, woulib, woulib
(El Chapo, lanmou m tounen bogota, vin ede m pouse)
Konpa
Gade m

Cheri
Menm Kawotchou m plat

Lè lanmou n ap fane
Li bezwen wouze
Pou si tèlman nou chanje
Nou dezabitye
Èske w pa wè nou dekonekte
Fòk nou pale
E si silans sa kontinye
Lanmou n deja kraze
Pouki n pa rekomanse (woulib)
Lanmou n ap degringole (lanmou n sou woulib)
Fò n aprann kominike (woulib)
M pa vle nou detui sa nou fin bati
Pouki n pa rekomanse (woulib)
Lanmou n ap degringole (lanmou n sou woulib)
Fò n aprann kominike (woulib)
M pa vle nou detui sa nou fin bati, ye-i-ye-e!

Se tank on motè ki pa vle pati
Nan kaye lanmou, nou chaje rati
Relasyon sa bezwen bon jan terapi
Koz lanmou nou sou woulib, woulib
Se tank on motè ki pa vle pati
Nan kaye lanmou, nou chaje rati
Relasyon sa bezwen bon jan terapi
Koz lanmou nou sou woulib, woulib

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar