Kishore Kumar Hits

Arly Lariviere - Avenue de la passion şarkı sözleri

Sanatçı: Arly Lariviere

albüm: Encyclopédie


Posede w
Se sa ki tout pasyon m
Desine vi w
Pou mwen s'on bèl aksyon
Di mwen de mo
De mo k' ka fè plézi
Ka fè m souri
Souri pou tout lavi
Si wap fete
Konnen kè mwen kontan
Wè w nan lapenn
Ka fè m tonbe kriye
Rete pi prè w
Pou mwen se sak pi inpotan
Ban mwen kle kè w
Kap fè m viv pi lontan
Di mwen ki kote ou ye
Ki rout ou pase
Ou te di m al rèt tann ou
Nan rue de l'amitié
Avenue de la passion
M'tal tann ou
Di mwen ki kote ou ye
Ki rout ou pase
Ou te di m al rèt tann ou
Nan rue de l'amitié
Di m si lanmou w fleri
Ou si l depafini
Chak jou m tande yap di
Ke nou pa gen lavi
Pouki wap fè tèt du
Pouki w melankolik
Kite se moun kap di
Kijan wape soufri
M'prè pou m sakrifié vi m
Jis pou m ka wè w souri
De ti mo w ka ekri
Ka fè m leve pati
Ale ninpòt peyi
Al cheche paradi
Pou yon lanmou san limit
San mezi
Ohhhhh
Di mwen ki kote ou ye
Ki rout ou pase
Ou te di m al rèt tann ou
Nan rue de l'amitié
Avenue de la passion
M'tal tann ou
Di mwen ki kote ou ye
Ki rout ou pase
Ou te di m al rèt tann ou
Nan rue de l'amitié
S'on foli
Santi tèt mwen finn pati
S'on foli
M si frajil
Di mwen ki kote ou ye?
Di mwen ki rout pase?
Avenue de la passion
Rue de l'amitié
Se la nou te bay yon ti randévou
Di mwen ki kote ou ye?
Di mwen ki rout ou pase?
Di mwen ki kote ou ye?

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar