Kishore Kumar Hits

Wendyyy - Saw Panse şarkı sözleri

Sanatçı: Wendyyy

albüm: Lvar Saison 1


Si wap tandem se swa m'pi piti oubyen m'pi gran ke ou
M'pa moralis m'just prudan ke ou
Mwen menm tou m'fotif m'pa vin la poum
Blame ou ni poum pran poz pi bon ke ou
Men siw la'a sè ke ou gen yon chans menm jan avèm
Wap konprann siw gen bon sans menm Jan avèm
Swa n'pale, m'espere wa tande peut être
Wa aplike siw gen konsyans menm Jan avèm.
Frèm eskew konsyan, eskew wè nou dwat
Eske'n byen eske tèt nou dwat
Eske se konsa nou dwe Viv?
Eske San koulè nan venn nou?
Eske'n moun eske Kè nou bat?
Hein! ze à nan menn nap kitel kase
Chak sak fèt nap kitel pase!?
PA gen pèsonn kap pran konsyans
A chak krim nou fè Post, nou kômante e nou kitel mache
Kè nou nwè, nou ensansib
Nou pa janm kontante nou tout ensasyab
Nou bliye si nou de pasaj
Youn ap touye lot, nou telman egoyis, nou ensanse
Se lè pa lè poun goumen pou gwo pozisyon
M'dako ou kont, men kisa ou gen kom pwopozisyon
Paske n' pa kapab ankô,
Li lè poun met tèt ansanm pou nou goumen pou menm koz san opozisyon
Peyi a bezwenn ann ranjel ansanm
Ann pa egoyis Ann manje ansanm
La mizè bat nou twop Ann vanje ansanm
Se nou tout ki pa bon so ann chanje ansanm
Ann ret nan lanmou Ann retire dram
Poum ka konteste pa retire dwam
Hein! Kisaw jwenn nan detwi lavi?
Eske pou kontinye Viv fow retire pam
Pa gen pèsonn kap fè chanjman'an li sou kont nou menm
Chak jou nou goumen men se ant nou menm
Se lè nou dakô met tèt ansanm,
Se pou nou fè klan pou nou planifye, poun goumen kont nou menm
Li lè pou nou priorize Lanmou,
Pou nou ouvè kèn poun dialogue poun chache lapè
Pou nou konsyan ke pwoblèm nan se nou,
Si nap goumen pou menm koz, pa gen rezon poun chache lagè
Peyi a malad lap soufri,
Ann met tèt ansanm, ann kenbe men pou nou ba li swen
Solution an pa lot kote,
(Li nan nou menm) paske'n pa gen lot pwoblèm ke pwoblèm ayisyen
Donk si nou chanje hein! Kisaw panse
Si'n sispann goumen dim kisaw panse
Si nou fè lapè Frèm, kisaw panse
Siw pa tire sou frew dim kisaw panse
Si nou Viv nan lanmou hein! Kisaw panse
Si nou met tèt ansanm dim kisaw panse
Si nou depoze zam, pou pa fè San koule
Nou sispann kidnappé fre'n, dim kisa'n panse
E ou politisyen kisaw panse
E nou menm jounalis, kisa'n panse
E nou menm atis dim kisa'n panse
E nou menm ki nan geto yo dim kisa'n panse
E nou menm frè kretyen kisa'n panse
Oumenm ki vodouyizan, dim kisaw panse
Si nou fè yon sel poun mâche sou wout
Chznjman'an, oumenm kap tandem la, kisaw panse

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar