Kishore Kumar Hits

Gabel - Anyen Pa Etenel şarkı sözleri

Sanatçı: Gabel

albüm: Anyen Pa Etenel


Jodia ou ap souri
Pare w demen pou soufri
Nan pòch ou chaje lajan
Ou te razè pa twò lontan
Ou gen pwoblèm, tan ap pase
Kè ou kontan, jou ap boule
Ou mèt sote ponpe, tout bagay se pou yon tan
Se konsa li ye isi ba
W'ap travay, w'ap boule kòb
Pare w pou lè w pa gen djòb
Ou jèn ou sou pran plezi
Sonje ou gen pou vyeyi (Pare vyeyès ou)
Ou gen pwoblèm, tan ap pase
Kè ou kontan, jou ap boule
Ou mèt sote ponpe, tout bagay se pou yon tan
Se konsa li ye isi ba
Jean Jean Hennessy
Plop plop
Zigizag Zagalo
Tout sa k monte yon jou fòk li bese
Paske anyen pa etènèl isiba
Si w'ap mennen yon jou fòk ou trennen
Paske anyen pa etènèl isi ba
Kelkeswa sa k nan men w, degaje w fè sa w anvi fè
Paske demen li pap nesesè
Kelkeswa sa w vle wè, degaje w pou ou ta va wè l
Pou demen pou pa di w pat janm wè l
Yanvaloo
Tout sa k monte (Yanvaloo)
Yon jou fòk li bese
Paske anyen pa etènèl isiba
Si w'ap mennen fòk ou trennen
Paske anyen pa etènèl isiba
Jan w wè l la se konsa
Men konpa isi ba
Ti Pachou, dwèt sa a etènèl
M'ap chanje non w tande
Hahaha... wou
Alo Ricardo prezidan konpa
Zòt ap vini tou bònman
Turbo zanmi m
Kelkeswa sa k nan men w, degaje w fè sa w anvi fè
Paske demen li pap nesesè
Kelkeswa sa w vle wè, degaje w pou ou ta va wè l
Pou demen pou pa di w pat janm wè l
Tout sa k monte yon jou fòk li bese (Se la loi de la vie)
Paske anyen pa etènèl isiba
Si w'ap mennen (Patrick Fabre) yon jou fòk ou trennen (ou konprann vit, rapid vit)
Paske anyen pa etènèl isiba
Men konpa isi ba
Bob Doll mache bann nan
Anyen pa etènèl (Depi Galile l' konsa)
Isi ba isi ba (GS Boss Fefe)
Anyen pa etènèl (BJ, Dodo)
Isi ba, isi ba
Apa w'ap swe? Ou malad
Ricky
Anyen pa etènèl (Pedro Lucky, Ti Elie)
Isi ba, isi ba
Doncue
Anyen pa etènèl
Tout sa k monte yon jou fòk li bese
Paske anyen pa etènèl isiba
Si w'ap mennen yon jou fòk ou trennen
Paske anyen pa etènèl isi ba

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar