Kishore Kumar Hits

KAI - Malad şarkı sözleri

Sanatçı: KAI

albüm: Champion


E-ya, ah (e-ya, e-ya)
E-ya, ah (e-ya, e-ya)
E-ya, ah (e-ya, e-ya)
E-ya, ya-ya
Mwen pa bezwen ale lopital
Pou mwen konnen
Kijan mwen ye
Mwen pa bezwen ale lopital
Pou doktè di m
Ke sa va mal
M annik gade nan je w mwen wè malè (malè)
Pou sa mwen sakrifye pou w ka avè m (avè m)
Si, chak jou, m lapriyè
Chak jou, m woule chaplè
Chak jou, m limen balèn
Pou m ka wè klè
E m ap toujou malad
Mwen p ap janm geri
Menm si ou renmen mwen
Mwen konnen w renmen l tou
(Malad)
Mwen p ap janm geri
W avè mwen jodi a
Ou te avè l yèswa (ou te avè l yèswa)
Chante, e-ya, ah (e-ya, e-ya)
E-ya, ah (e-ya, e-ya)
E-ya, ah (e-ya, e-ya)
E-ya, ya-ya
Mwen pa bezwen ale kay Gangan
Pou mwen konnen
Ke mwen pa byen
Mwen pa bezwen tranpe pye m nan dlo
Pou lwa yo di m
Ke mwen nan cho
Piga w fòse m vale remèd bliye (bliye)
M eseye konbyen fwa, sa pa mache (mache)
Medikaman m se ou (se ou)
Menm si doulè m se ou (se ou)
Menm si m soufri chak jou
M p ap janm lage w
E m ap toujou malad
Mwen p ap janm geri
Menm si ou renmen mwen
Mwen konnen w renmen l tou
(Malad)
Mwen p ap janm geri
W avè mwen jodi a
Ou te avè l yèswa (ou te avè yèswa)
(Malad)
Mwen p ap janm geri
M ap kontinye soufri
Renmen w se maladi m
Sa se yon lòt Kai
Nou f on lòt bagay
Ti Claude!
Nou pa fè fo mouvman
Nou f on lòt mouvman
Pa vle konsiltasyon
Pa vle konsiltasyon
Pike m
Pike m nan tout kò m
Mwen bezwen sewòm sa
Menm si ou fè m malad
Pike m (pike m)
Pike m nan tout kò m
Mwen bezwen sewòm sa
Menm si ou fè m malad
Pike m (pike m)
Pike m nan tout kò m
Mwen bezwen sewòm
Woy!
Pa vle konsiltasyon
Cheri
Pa vle konsiltasyon
E m ap toujou malad
Mwen p ap janm geri
Menm si ou renmen mwen
Mwen konnen w renmen l tou
(Malad)
Mwen p ap janm geri
W avè mwen jodi a
Ou te avè l yèswa (ou te avè l yèswa)
(Malad)
Mwen p ap janm geri
M ap kontinye soufri
Renmen w se maladi m

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar