Kishore Kumar Hits

Harmonik - Enpòtans şarkı sözleri

Sanatçı: Harmonik

albüm: DEGAJE


M'leve m'atriste
M'ap panse ak kalamite
Pa vle kontinye konsakre vi'm ak endinite
Ooo chak jou se yon diskusyon
N'ap viv nan konfusyon
Ou pa banm enpòtans ankò
Relasyon'n pa fè sans ankò
Tu as changé, m'ap suspann bay tèt mwen manti
Gen lè nou pa gen chans ankò
Nou pa gen konsistans ankò
Tu as changé, m'ap suspann bay tèt mwen manti
Paske ou okupe
Nou pa janm ka komunike
Lè'w resi libere
W'al kouche san nou pa menm pale, o o yeah
Mwen santi mwen nan prizon
M'kondane san rezon
Ou pa banm enpòtans ankò
Relasyon'n pa fè sans ankò
Tu as changé, m'ap suspann bay tèt mwen manti
Gen lè nou pa gen chans ankò
Nou pa gen konsistans ankò
Tu as changé, m'ap suspann bay tèt mwen manti
Se pa plenyen m'ap plenyen
Pito'n remete yon fen
Ak yon vi san avni o o
Cheri banm enpòtans mwen
Mwen merite li
Si'w pa banm enpòtans mwen
M'ap mare pakèt mwen
Oh oh oh oh oh oh oh
Mwen pa yon egzijan
Bouke ban mwen move jan
Ou fè kòmsi sa'm mande'w yo inposib
Mwen pa mande'w lajan
Sèl ti moso santiman
Piga lè'm ale w'ap mande'm padone'w
Frape, frape mwen frape pye'm atè
Kase, kase mwen chèn lapèn
Frape, frape mwen frape pye'm atè
Kase, kase mwen chèn lapèn
Mwen pa yon egzijan
Bouke ban mwen move jan
Ou fè kòmsi sa'm mande'w yo enposib
Mwen pa mande'w lajan
Sèl ti moso santiman
Piga lè'm ale w'ap mande'm padone'w
Frape, frape mwen frape pye'm atè
Kase, kase mwen chèn lapèn
Frape, frape mwen frape pye'm atè
Sèlman'm di'w si'w pa banm enpòtans mwen
M'ap mare pakèt mwen
Oh oh oh oh oh
Cheri ramase'm atè a non
Ramase'm
Cheri ban'm valè'm, cheri ban'm valè'm
Se pa lè'm pa la pou wè'm te bon lè'm te la
Cheri ban'm valè'm, cheri ban'm valè'm
Se pa lè'm pa la pou wè'm te bon lè'm te la
Cheri ramase'm atè a non
Ramase'm
Cheri ban'm valè'm, cheri ban'm valè'm
Se pa lè'm pa la pou wè'm te bon lè'm te la

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar