Kishore Kumar Hits

Harmonik - Degaje şarkı sözleri

Sanatçı: Harmonik

albüm: DEGAJE


Ou toujou la pou nwi m, avili m
Pran pòz w ap vin ban m bon konsèy
Ou toujou vle blaze m, mare pye m
Mwen konnen w ap chèche parèy
Se pa paske ou gache avni w
Nan mal mennen vi w pou vle
Gache pa m
Se pa paske ou gate pwojè w
Nan mal fè zafè w pou vle
Kraze pa m
Kite m degaje m
(Pa pèdi tan w, pa pèdi tan w)
Kite m degaje m
(Pa pèdi tan w, pa pèdi tan w)
Ou toujou vle detui m
Fè zanmi m yo vire ban m do san rezon
Toujou ap chèche m, siveye m
Depi kilè ou te patwon m?
Se pa paske ou pèdi chans pa w
Ou rate tren pa w pou vle m
Pèdi pa m
Se pa paske ou fè kont erè w
Pou pa ka tann lè w
Ou vle, ou vle pou m fè pa m
Kite m degaje m
(Pa pèdi tan w, pa pèdi tan w)
Kite m degaje m
(Pa pèdi tan w, pa pèdi tan w, pa pèdi tan w)
Zanmi vin kontrarye m
Ban m senk mèt la
Pou m lave lè a
Ban m senk mèt la
(Banm distans mwen)
Pou m lave lè a
(Sandoudou) degaje pa peche
(Ou manje ak graten ou menm)

(Chak moun nan lavi) chak moun nan lavi
Gen yon chans pou l pase
Si w kite l pase zafè k gade w (zafè k gade w)
Chak moun nan lavi
Gen yon chans pou l pase
Si w kite l pase, zafè k gade w
Zafè k gade w
Si w kite chans prezidan w lan pase
(Zafè k gade w)
Si w kite chans senatè w la pase
(Zafè k gade w)
Si w kite chans direktè w la pase
(Zafè k gade w)
Chans sipèsta w la pa kite l pase
Chak moun nan lavi (chak moun)
Gen yon chans pou l pase
Si w kite l pase zafè k gade w
(Zafè k gade ou)
Chak moun nan lavi
Gen yon chans pou l pase
Pa kite l pase (Sandoudou)
Degaje pa peche

File twonpèt la an granmoun

Apa w sezi

(Mwen p ap pèdi chans pa m) mwen p ap pèdi chans pa m nan
Mwen p ap pèdi chans pa m nan, mwen p ap pèdi chans pa m nan
Se laj k ap monte, oh (se laj k ap monte)
Mwen p ap pèdi chans pa m nan, mwen p ap pèdi chans pa m nan
Mwen p ap pèdi chans pa m nan
Se laj k ap monte, oh
Se granmoun n ap granmoun, se granmoun n ap granmoun
Se granmoun n ap granmoun, se granmoun n ap granmoun
Lè lafimen ap degaje (kyès ki ka bloke l?)
Lè a rive pou degaje
Tout moun de men anlè
Degaje, degaje, degaje tankou lafimen
Degaje, degaje, degaje tankoulafimen

Yo konn bloke lafimen
Caleb Desrameaux pa pèdi chans pa w la non
(Mwen p ap pèdi chans pa m) mwen p ap pèdi chans pa m nan
Mwen p ap pèdi chans pa m nan, mwen p ap pèdi chans pa m nan
Se laj k ap monte, oh (se laj k ap monte)
Mwen p ap pèdi chans pa m nan, mwen p ap pèdi chans pa m nan
Mwen p ap pèdi chans pa m nan
Se laj k ap monte, oh
Se granmoun n ap granmoun, se granmoun n ap granmoun
Se granmoun n ap granmoun, se granmoun n ap granmoun
Lè lafimen ap degaje
Kiyès ki ka bloke l?
Lè a rive pou degaje
Tout moun de men anlè
Degaje, degaje, degaje tankou lafimen
Degaje, degaje, degaje tankou lafim

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar