Kishore Kumar Hits

Harmonik - Ou Detenn Sou Mwe şarkı sözleri

Sanatçı: Harmonik

albüm: Respè


M p ap dekole
La, m ap rete
M p ap dekole
Mwen pran tout mès ou
Tout abitid ou
Se kòmsi m wè menm, menm jan avè w mwen pale
Tout ti vye jès ou
Menm atitid ou
Se kòmsi nou te fèt menm manman, menm papa
Tankou yon tach ki pa t ka efase
Konsa w ap fè enpak sou mwen
Yon tatou ke mwen pa t ka retire
Se konsa ou detenn sou mwen
Ou detenn sou mwen
De-de-detenn sou mwen
(Sa pa nòmal)
Ou detenn sou mwen
De-de-detenn sou mwen

M p ap pase yon jou
San m pa tande ou
Ou tankou batman kè m, si w kanpe m tou mouri
Ou vomi tout lank plim ou sou mwen
Se konsa ou detenn sou mwen
Ou detenn sou mwen
De-de-detenn sou mwen
(Sa pa nòmal)
Ou detenn sou mwen
De-de-detenn sou mwen
Rèv mwen
Se pou m ba w ti rès la
(Lavi m dous konsa)
Rèv mwen
Se pou m pa janm 'ex' la
(Lavi m dous)
Mwen wè tout sa ki gen deyò a deja
Mwen fè tout eksperyans ki gen deja
Lè nou soti se pou nou abiye menm jan
(Yo mèt rele m marasa)

Rèv mwen
Se pou m ba w ti rès la
(Lavi m dous konsa)
Rèv mwen
Se pou m pa janm 'ex' la
(Lavi m dous)
Mwen wè tout sa ki gen deyò a deja
Mwen fè tout eksperyans ki gen deja
Lè nou soti se pou nou abiye menm jan
(Yo mèt rele m marasa)

(Lavi m dous)
(A mò)

Ou detenn sou mwen
De-de-detenn sou mwen
(Sa pa nòmal)
Ou detenn sou mwen
De-de-detenn sou mwen

Yo mèt rele m marasa

Поcмотреть все песни артиста

Sanatçının diğer albümleri

Benzer Sanatçılar